Bo Diddly Meets Africa
Kingsley K. Okyere pral prezante yon konsè sou fòm konferans sou lyen ki genyen ant mizisyen ameriken Bo Diddley ak mizik tradisyonèl peyi Gana, sou konsèy Dr. Sarah Politz.
Okyere pral pale sou travay li fè antanke lidè Projè Bo Diddley/African Rhythms pou bibliyotèk George A. Smathers Libraries yo. Antanke yon etidyan diplome nan etnomizikoloji, li te fè rechèch nan Bibliyotèk yo sou Koleksyon Ellas B. McDaniel (Bo Diddley), sa ki te pèmèt li rive jis nan orijin Afriken "Bo Diddley Beat". Se Bo Diddley ki vin ak plizyè inovasyon ki gen anpil enfliyans, tankou yon ritm senkope ki vin tounen fondasyon Rock n Roll modèn nan.
Okyere te fè anpil rechèch ki te pèmèt li rive jwenn yon konpozisyon ki melanje eleman Afrobeat ak Rock n Roll. Gen mizisyen nan Inivèsite Florida ak nan kominote Gainesville la ki pral entèprete konpozisyon Okyere a nan kad konsè sou fòm konferans lan.
Antre a gratis, epi evènman an ouvè pou piblik la. Ap gen yon resepsyon apre pwogram nan.
Se bibliyotèk George A. Smathers Libraries yo, School of Music, Center for African Studies, ak Center for Arts, Migration, and Entrepreneurship ki patwone evènman an. Pou ou jwenn enfòmasyon sou evènman an, kontakte Elizabeth Haven Hawley nan ehh@ufl.edu.
Pou ou aprann kèk bagay sou Koleksyon Ellas B. McDaniel (Bo Diddley) a, ale sou https://findingaids.uflib.ufl.edu/.
UF Music Building, Room 101
435 Newell Drive, Gainesville, FL 32601
Tu Fiesta Radio Fest
Rejwenn nou pou w gen okazyon koute bon mizik, jwenn manje ki gou, divès machann ak eksperyans eksepsyonèl pou rankontre epi pale ak animatè nou yo an dirèk. Nou pral gen DJ an dirèk, Gwoup Dans, epi fini ak yon sèl epi inik Melina Almodovar - 'La Muneca de la Salsa'!
Bo Diddley Plaza
111 E University Ave, Gainesville, FL 32601
Yon sware Latin avèk 'Mayestwo salsa a' Gilberto de Paz ak TROPIX
TROPIX se yon gwoup Latin-musicX ki baze nan Gainesville ki jwe salsa, merengue, bachata, cumbia, bolero ak lòt ankò! Espesyalize nan pote yon touch Latin nan nenpòt evènman, TROPIX gen rasin li nan zile Karayib la nan Pòtoriko. Yo jwe mizik nan tout Amerik Latin ak Espay ansanm ak nòm ak klasik Ameriken yo.
Bo Diddley Plaza
111 E University Ave, Gainesville, FL 32601
***Anvan-Prestasyon
Zumba ak Yessenia (Aprann kèk pa anvan pasaj TROPIX)
7:00 - 8:00pm